Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) aprann avèk anpil tristès nouvèl lanmò trajik nan yon aksidan twa elèv ki te sou wout pou ale lekòl pandan jounen mèkredi 25 jen 2025 la. Kamyon gaz ki te enplike nan aksidan sa a ta pral pran dife, sa ki te debouche sou yon kokenn chenn ensandi epi kankannen kadav kò timoun sa yo ki se pitit yon sèl fanmi.
Twa elèv ki viktim nan dram sa a se :
1. Rodelanca Démosthène, 14 lane, ki te nan 7èm Ane Fondamantal;
2. Woodmia Démosthène, 11 lane, ki te nan 3èm Ane Fondamantal;
3. Woodmica Démosthène, 9 lane, ki te nan 3èm Ane Fondamantal.
MENFP voye senpati l bay paran twa elèv sa yo ki se Madanm Roselande Cicéron ak Mesye Oriol Démosthène. Ministè a konprann y ap viv yon lapenn yo pa kapab ni pale de li, ni dekri li. Lanmò trajik twa elèv sa yo se twa rèv ki brize, se yon pwojè familyal ki detwi.
Ministè Edikasyon Nasyonal pataje tou tristès tout konimote edikatif la nan Gonayiv, prensipalman chagren dèy sa yo pote nan lekòl timoun sa yo t ap frekante.
Ministè a ankouraje responsab yo nan Direksyon Depatmantal Edikasyon Latibonit pou yo pote tout asistans yo kapab bay paran elèv sa yo, yon fason pou ede yo fè faskare ak gwo konsekans sikolojik malè sa a kapab genyen sou yo ak sou fanmi sa a.
Ministè a raple tout moun yo gen reponsabilite sitwayen pou yo pwoteje tout timoun ki twouve yo nan yon espas piblik, menm jan paran yo ak responsab lekòl yo bezwen asire pwoteksyon timoun yo lè yo lakay oubyen nan lekòl.