
18 avril 2025 - 88 vues
Pandan twa jou (lendi 14, madi 15, lendi 21 avril), tout kategori teknisyen sa yo ap patisipe nan yon atelye Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) òganize, atravè Direksyon Ansèyman Fondamantal (DEF), nan lokal Enspeksyon Jeneral Ministè a ki nan Dèlma 60 (Miso). Kòdonatè, Ankadrè, Elaboratè, Operatè sezi ak Sekretè sa yo, jan yo fè l chak ane, ap travay sou pi bon fason yo ka prepare tèks pou egzamen Leta 9èm ane fondamantal ak pou Sant Edikasyon Familyal yo.
Atelye sa a ki chita sou sanbilizasyon, amonizasyon ak fòmasyon enpòtan anpil nan pwosesis elaborasyon tèks egzamen sa yo. Nan kad aktivite sa a, patisipan yo dwe pran an konsiderasyon sitiyasyon ki lakòz elèv yo pèdi, ane sa a ankò, yon bon pati nan tan aprantisaj la. Se konsekans dirèk zak vyolans yo, mete sou sa lòt difikilte sosyal ki antrave anpil anpil fonksyonman lekòl yo.
Se Direktè Jeneral Ministè a, ki te louvri sesyon travay sa a lendi ki te 14 avril 2025 lan. Nan okazyon an, pwofesè Yves Roblin, ki souliye kondisyon difisil timoun yo ap aprann nan dènye tan sa yo, te atire atansyon patisipan yo nan atelye a sou nesesite pou yo pran an kont sitiyasyon sa a nan elaborasyon tèks egzamen yo. Li te pwofite salye tou dilijans li konstate nan preparasyon operasyon sa a ki konsantre sou egzamen Leta 9èm ane fondamantal, sitou nan yon kontèks ki si difisil.
« Nan preparasyon egzamen yo nou dwe konsidere plizyè paramèt. Elaborasyon tèks yo dwe toujou fèt selon pwogram etid yo. Men tou, elboratè yo pa dwe neglije tan reyèl aprantisaj yo. Kidonk, se pou tèks yo elabore yon fason pou tout timoun kapab konpoze nòmalman », se sou sa pwofesè Yves ROBLIN te ensiste, pandan l te raple Ministè deja lanse Pwogram Nasyonal Konpansayon Aprantisaj yo pou elèv 9èm ane fondamantal ak Segondè IV.
Direktè Ansèyman Fondamantal la, menm jan ak Direktè Jeneral la, te fè konprann yon lòt fwa ankò, ane lekòl 2024-2025 lan parèt pi difisil nan sa ki konsène tan pou elèv yo aprann, sitou nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, nan kèk Distri eskolè nan Latibonit ak nan Plato santral. Pou rezon sa a, Kendy NICOLAS kwè li enpòtan anpil pou Ministè a gade kijan li kapab pwopoze elèv yo tèks egzamen ki pètinan, ki respekte tout prensip dosimoloji yo, ki chita sou pwogram etid yo e ki pa neglije reyalite fonksyonnman lekòl yo pou ane sa a.
Pou l fini, Direktè Kendy Nicolas di l ap tann nan fen atelye a rezilta sa yo :
1. Teknisyen yo sansibilize, pare pou amonize pratik yo epi ranfòse kapasite yo yon fason pou yo kapab pi efikas nan travay yo ;
2. Lis kontni pou egzamen 2025 yo ki konfòm ak eleman esansyèl ki nan pwogram Ministè a ;
3. Seri tablo k ap entegre nivo espesifikasyon an epi tout eleman kontni pou chak matyè ;
4. Modèl pou konsepsyon egzamen yo.
Sou bò pa li, Kòdonatè Sant Pèmanan Evalyasyon an salye jefò Ministè a ap fè depi kèk tan pou pi byen prepare tèks egzamen yo. Se poutèt sa, Louidor Espazien estime òganizasyon atelye sa a genyen tout enpòtans li. Dapre li, tout teknisyen ki enplike nan pwosesis sa a dwe fè tousa yo konnen pou egzamen sa yo reflete travay ki fèt tout bon vre nan sal klas yo. Se nan sans sa a li swete ankadrè yo asire yo tèks egzamen elaboratè yo ap prezante yo klè nan lide pou fasilite tout timoun konpoze san pwoblèm.
Pandan twa jou atelye sa a IHFOSED ap ede anime, patisipan yo ap brase lide sou plizyè pwen tankou:
1. Etik nan sa ki gen pou wè ak evalyasyon nasyonal aprantisaj yo ;
2. Prezantasyon remak relektè yo fè sou modèl egzamen ofisyèl pou tout matyè yo pou ane pase a (2024) ;
3. Prezantasyon responsablite espesifik ankadrè yo ;
4. Pwofil soti elèv 9èm ane fondamantal yo ;
5. Chwa objektif ki plis pètinan ki dwe oryante evalyasyon an ane sa a sou baz pwofil soti elèv 9èm ane fondamantal yo.
Biwo Kominikasyon/MENFP
Commentaires(0)