Sendika/Katdebi / Annatandan, MENFP vèse bay anseyan yo 4 mwa alokasyon sou katdebi a


26 juin 2025 - 34 vues
26 jen 2025
34159 se kantite chèk Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pare pou l kòmanse distribye bay tout pèsonèl li yo – anseyan tankou ajan administratif – atravè tout peyi a. Chak chèk sa yo totalize 4 mwa alokasyon ki ta dwe ale sou Katdebi Ministè a te pran agajman pou li bay tout amplwaye li yo suivan youn nan pwen ki figire nan akò li te siyen avèk platfòm sendika anseyan yo jou ki 2o janvye 2025 la.
Selon Minis Augustin ANTOINE, MENFP te oblije opte pou estrateji sa a paske li pa t vle pwolonje pi plis toujou atant sendika anseyan yo ki te bezwen avanse sa fèt depi plis pase 2 mwa. Annatandan BNC - patnè Ministè a sou kesyon katdebi a -, reyisi finalize tout mizanplas k ap fèt pou garanti benefisyè yo kapab itilize kat sa a avèk anpil asirans, san kè sote sou kondisyon sekirite yo, Ministè te vle manifeste tout volonte li genyen pou li kontinye travay nan akonpayman anseyan yo.
Minis ANTOINE fè konnen, livrezon chèk sa yo se yon desizyon pou debloke sitiyasyon an, men angajman an pa chanje. Lide pou fè chak anseyan lekòl piblik genyen nan men l yon katdebi trezò piblik la ap alimante chak mwa avèk yon montan ki se 15 mil goud, lide sa a pa chanje paske li toujou rete atache ak tout angajman ki nan akò 20 janvye a.
Pou sa ki gen pou wè ak operasyon distribisyon chèk sa yo, Minis Edikasyon Nasyonal la mande tout Direktè Depatmantal Edikasyon yo pou yo pran bon jan dispozisyon yon fason pou garanti se vrè benefisyè yo yo menm ki vin resevwa chèk yo. Pyès moun pa gen otorizasyon pou resevwa chèk pou pyès moun! Tousa dwe fèt nan lide pou kredibilize operasyon an epi garanti se moun k ap travay tout bon vre ki benefisye avantaj sa a.
Minis ANTOINE remesye otorite prezidansyèl yo, chèf Gouvènman an, Minis Ekonomi ak Finans la ki fasilite – yo chak nan nivo pa yo -, aboutisman sa a, pandan li raple tout jefò Leta te fè pou mete aladispozisyon Ministè Edikasyon Nasyonal montan lajan ki nesesè pou kredite chak mwa, pandan ane fiskal 2024-2025 lan, plis pase 34 mil katdebi.
Aprè li fin fè yon rale sou tout jefò ki te deplwaye pou fè dosye sa a vanse, Direktè administratif Ministè, Guichard Chéry, fè konnen 34 mil 159 chèk sa yo totalize 2 milya 277 milyon 722 mil 320 goud. Anseyan lekòl piblik ak lòt amplwaye ki nan 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo ak nan biwo santral Ministè a konsène.
Men repatisyon chèk yo :
1. Biwo santral : 1306 chèk;
2. DDE No: 4496 chèk;
3. DDE Sid: 2226 chèk;
4. DDE Nòdès: 2375 chèk;
5. DDE Grandans: 2639 chèk;
6. DDE Nip: 1799 chèk;
7. DDE Nòdwès: 2033 chèk;
8. DDE Sidès: 2621 chèk;
9. DDE Lwès (1): 2636 chèk;
10. DDE Lwès (2) : 2464 chèk;
11. DDE Lwès (3): 2465 chèk;
12. DDE Latibonit (1): 2003 chèk;
13. DDE Latibonit (2) : 2777 chèk;
14. DDE Sant (1): 1164 chèk;
15. DDE Sant (2): 1155 chèk.
Pou nominasyon ak regilarizasyon sitiyasyon anseyan yo, Minis Augustin ANTOINE raple travay sa ap kontinye. Sou kesyon nominasyon an, Ministè a deja finalize trètman 3500 dosye, pami yo genyen 664 dosye pou estajyè yo. Anpil ladan yo deja resevwa lèt yo. Nan ka regilarizasyon yo, Ministè a boukle trèman plis pase 300 dosye anseyan ki gen lèt nominasyon nan men yo men ki pot ko janm bidjetize. Daprè Minis ANTOINE, trètman dosye yo te kapab fèt pi vit si anpil ladan yo pa t gen fo diplòm, fo sètifika ak fo atestasyon.
Sou dosye kontraktyèl yo, Minis la bay garanti gen anpil dilijans k ap kontinye fèt nan lide pou ranfòse pèsonèl Ministè a ak pèsonèl lòt antite ki depann de Ministè a tankou Lekòl Nasyonal Siperyè nan Teknoloji, Lekòl Nasyonal Jewoloji Aplike, Inivèsite Piblik Rejyonal yo.
Biwo kominikasyon/MENFP

Commentaires(0)

Connectez-vous pour commenter cet article